Prensipal rezon pou w pa koupe zòrèy ak ke chen

Yo itilize yon sizo pou yo koupe zòrèy ak ke chen an,pafwa yo konn koupe lòt bagay ak sizo a anvan sa,apre yo mete yon bann pou anpeche san koule gen peyi bagay sa yo entèdi l,sèl si se veterinè ki ta di fèl nan objetif pou soulaje kèk soufrans ki afekte sante bèt la.

Blesi nan ke ak zòrèy chen an ka bay gwo konsekans nan santel.Gen moun ki kòmanse koupe pati sa nan bèt yo jiskaske yo ta renmen koupe kòd vokal li pou l pa jape.Se yon jan pou l kite bèt la bèbè,se yon bagay ki kriyèl anpil paske bèt la santi doulè menm jan ak nou.
Ke a se yon pati fondamantal pou ekpresyon kòporèl chen an,nan moman poul kominike,fè mouvman,pran pozisyon,ak ke l,li ka transmèt plizyè mesaj tankou antouzyasm li santi lè lap fè yon nouvo zanmi,anvi sòti pou l lal mache,jwe elatriye.
cachorros+boerboel+venta+inquisivi+la+paz+bolivia__B70BA9_1
1.Chen sèvi ak ke l poul ka pwoteje tèt li,se poutèt sa yo pran limit ak lòt chen pou yo ka evite rankont agresif
2.Koupe ke oubyen zorèy chen an jan nou diw la se anpil doulè pou yo.Moun ki pratike bagay sa di chen an pa santi doulè paske sistèm nèvel pa fin develope,sa se manti,menm lè yo tou piti yo santi menm doulè ak yon gwo chen ebyen yo pa ta kriye lè yap fè sa pou yo.
Nou konnen gen moun ki renmen nwi chen anpil,men si bèt la pa fèw anyen pa gen rezon pou w ap fèl mal,nou konnen tou gen moun kita renmen chen l toujou bèl ak stil,men gen lòt bagay ou ka fè,lèw pilel li mòdew se paske li fèl mal si non li pa tap menm bouje se siy ki pwouve n ke bèt la santi tout sa nap fèl.