Eske sèks antre nan relasyon koup la?

Sèks ak patnè se bagay ki mache ansanm nan relasyon an,nou kwè ke pou youn egziste lòt la dwe enkli tou,li difisil poun kwè ke yo dwe oubyen kapab separe,sèks dwe yon pati,li pa dwe tout bagay.
Yon bon relasyon fèt ak anpil bagay tankou poto mitan ki pou fè moun yo santi yo byen,kote youn ap fè lòt plezi,sansibilite pou lòt,epi bay prèv de bagay sa yo.
Poto ki pou fè relasyon an fonksyone a depan de laj,tan yo gen ansanm,enterè komen,priyorite nan lavi,jan moun yo kominike jan nou konnen l deja kominikasyon se kle pou relasyon an ka fonksyone.
Si nou pran laj kòm yon pwen kle.
Nou ka reyalize fè sèks enpòtan depi nan konmansman relasyon an,men tou li se yon bagay basik pou relasyon an ka mache.Nan yon laj jèn pa gen responsablite pou ranfòse kominikasyon,respè ak senpati youn pou lòt.
love-1716825_960_720
Tant tan ap pase se lè sa ap gen yon relasyon estab,priyorite yo pral chanje,pati fisik la pral mwens enpòtan se pral priyorite nan kapasite,pale,epi objektif komen oubyen lòt bagay,lòm bezwen pale,pataje ak swen,yo pa sèlman bezwen bagay basik.
Relasyon sekyèl,pa dwe baz yon relasyon,li sipoze yon bagay ki konplete relasyon an,li dwe yon bagay ki basik nan relasyon an.Depi koup la ap viv byen se nòmal ap gen yon bon relasyon seksyèl,epi si sa pa bon relasyon seksyèl la ap mal tou.
Gen eleman ki nesesè pou fè pou w evite tonbe nan woutin seksyèl chak jou,tankou:kreyativite ak enfòmasyon,ajoute kreyativite chak fwa n pral rankontre.Sa ki enpòtan nan nenpòt relasyon se pa rete an silans epi pa kite enkonpreyansyon pase san rezoud,nan yon titan li ka vin yon gwo pwoblèm.