nan denye jou sa yo gen anpil moun kap pale de dlo diri a koman li bon pou cheve .Se yon pwodwi natirèl ki pa chè lap pi fasil toujou pouw itilizel wap jwenn bon rezilta
Resèt la senp: kwit 1 tas diri ak 2 tas dlo, kitel bouyi, lè dlo a vin gen yon koule blan koulel nan yon paswa apre kitel frèt.Dlo sa ou pral itilizel nan resèt sa yo
4 resèt ou ka fè ki pa chè epi kap fèw parèt pi bèl chak jou
1. li tankou yon kondisyone lèw fin lave cheve w, metel nan tèt ou , kite l fè kèk minit anvanw rensel. Ou pral remake kòman cheve a soup,klere epi swa.
2.li tonifye po,pran yon mozo koton tranpel nan dlo a pasel nan figiw chak swa anvanw domi
3.pase dlo diri nan figiw maten ak aswe li Eklèrsi tach nwa
4.li netwaye po epi li chèche bouton.Se yon resèt senp ki pa chè, ki gen anpil avantaj pou ou.
Èske w te konnen benefis ki genyen nan dlo diri?
Di nou opinyon w sa enpòtan anpil pou nou.