Rezon pouw dekouvri enfidelite

Enfidelite a se yon bagay ki ka pase chak jou,anpil bagay ka kòz li tankou:joure chak jou,jalouzi pou nenpòt ti bagay,manke atansyon,vanjans pou yon bagay kite pase,sispèk gen yon lòt moun nan mitan.Yo wè ke jodia enfidelite ap vale teren plis ke anvan,men li yon jan difisil pou yo kenbe mendam yo paske yo plis ka gere 2 vi ke mesye yo meseye yo toujou ap kite tras dèyè,ki vin fèl fasil pou yo kenbe yo.

 

Kisaw ka remake nan moun nan?
Konpòtmanl diferan:Yon koup base relasyon an sou ekperyans sa yo fè chak jou,nan fason sa ou vin abitye ak tout ti abitid moun nan,nan moman li chanje avèw la tou swit wap gentan wè sa piske se ou ki konn tout ti abitid li yo,premye moun kap wè chanjman se ou,menm si li ta rive plede men wap gentan sou men ou.

 

Preokipasyon pou aparans li:Nan moman vin gen yon lòt moun nan mitan koup la ap gen anpil chanjman ou gendwa wè moun nan gen yon jan li pat janm ye se jan sa lap chaje poul ye,se poul ka atire mennaj sou kote a,li gendwa te vag nan sa lap mete oubyen jan lap sòti tou swit li paka sòti menm jan ankò,gen yon jan poul abiye menm sil pral achte yon pen fòn sou men nou.

 

Aktivite ki pa nòmal:Senpati se yon gwo bagay,sa yon moun te konn fè,lèl rive yon moman li pa vle fèl ankò pou mennaj li,rale yon gwo atansyon sa vle di gen yon moun lap jere,gen jès ki pa fèt ankò ki ta sipoze fèt toutan nap viv,li pa enposib se yon lòt moun kap jwen tout avantaj sa yo.

 

 

Nouvo zanmi:Se pa anyen yon nouvo zanmi ni tou yon zanmi ka fè yon moun enfidèl se jan moun nan pral konsidere zanmi sa,epi sil te konn fèw fè konesans ak tout zanmil yo men dènye zanmi sa,li pa janm ka mennenl wèw se toujou yon enkonvenyan nan jou pou nou wè yo.

 

Fè atansyon ak kominikasyon yo:Moun nan pa janm resevwa mesaj sou telefòn li,men gendwa se li ki efase tout mesaj li jwenn yo tou lèl fin pale,premye moun ki pou al pran lèt lapòs se li ke anvan sa pat menm enteresel epi ou pa janm ka wè lèt lapòs pote a ankò se toujou moun ki tronpe adrès.

 

Chanje imè:Lè moun nan ap twonpe mennaj li,se pap menm kompòtman ankò paske enfidelite a pou tèt li se yon bagay ki bay strès,se yon sitiyasyon konplike paske wap jere 2 moun ansanm ou pè pou yo pa kenbew.

 

Ensousyans pou zafè fanmi:Enfidelite se yon adiksyon pa mande ou fenk kòmanse,moun nan ap diw bèl ti pawòl ki fèw santiw byen se ak yo sèlman wap panse ou bliye siw te gen fanmi menm timoun ou ka bliye al chache lekòl nan al nan randevou ak lòt moun nan,ou jis pasyone se yon bagay inekplikab,ke ou pat konsa gentan gen gwo chanjman yo wè nan ou.

 

Siw renmen yon moun,ou te gentan gatel ak anpil bagay li menm tou te gentan gate mwens depi gen yon lòt moun nan mitan nap santi sa paske pasyon yo se pou lòt moun nan li pral ye nan moman enfidelite a,se yon bagay ki senp jwi laviw toutan ka jwil ak moun ou renmen an,si lòt la asepte avèw ak tout li konnenw gen moun ou,ou pa rete kwè se yon plezi lap pran,koul jwenn moun pal la lap baw vag,pa janm bliye kè pa renmen 2 moun anmentan ap toujou gen youn nan lanmou sa yo ki pi fò.