Terapi natirèl pou estrès

Chans pou nou lanati se yon respiratè,ki ofrin anpil avantaj ak aktivite pou libere lespri nou,kote nou ka degaje konsyans nou,fè bri san pa nwi moun.

 

Li tap bon lèw santiw strese pouw fè yon ti soti sou bisiklèt ou.Sak enpotan se chache mete yon koneksyon ant anviwònman ak nanm nou,kite pwoblèm sou kote,enkyetid,timoun mari,zanmi kay elatriye,yon ti respè pou lanati epi chache fè yon koneksyon avèl,lè nap pwòch li konsa lap fasilite nou anpil bèl benefis li genyen yo,aprochel ak yon sansasyon trankil san bri.

 

Anbraze yon pye bwa,fè yon sèl avèl pandan kèk minit lap edew anpil,li pa sèlman ap bat poul kontwole ògan ou yo men tou lap potew enèji epi lap konekte nou ak tè a epi ak tout sak fè pati sou tè a,se yon ekperyans enkwayab nou pa dwe rate,fèl pou kont ou pa mennen moun avèw,wap pi santiw byen ke siw te fè tan ap pale ak yon moun yon ti tan nan solitid ka eden dekonekte ak anpil bagay kap edew rive nan yon nivo ekilib jiskaskew retounen nan ou menm,e si nou ale yon chen nou genyen li tap yon bèl ekperyans.

 

 

Ti zwazo kap chante
Lè ti zwazo ap chante sa pote anpil soulajman ki mennenw lwen,li fèw santi wap viv yon lòt moman lwen de tout bagay,se yon bri trankil ki bay trankilite epi renouvle lòt bagay nan nou,si nou ta rive pa gentan menm poun ale nan yon pak nou ka fè sa lakay nou,chachel sou entènèt antre nan chann ou fenmen epi kitel lesew ale fè kòmsiw pat lakay ou.