Idrate epi nouri po nou ak remèd natirèl

 

Lalwa ka solisyon pwoblèm ou an,pa mande si wap itilizel kòm mask idratan,nan atik sa ou pral wè kijan pouw prepare kèk ladan yo.

Fasyal pou visaj se yon gwo solisyon sitou lè wap chache nouri pow,yo bon anpil pou nenpòt kalite po.Lalwa gen anpil vitamin,mineral,anzim,ajan ki kont enflamasyon ak mikwòb ki bon pou po sèk.

Ou vle aprann prepare fasyal lalwa natirèl lakay ou?pran plim ak kaye pouw kòmanse ekri

 

1.Fasyal lalwa,te vèt,ak zaboka

 

 

Engredyan:

2 kiyè jèl lalwa
yon bò zaboka
2 kiyè te vèt an poud
1 konkonb

 

Preparasyon:

Kale konkonb lan epi blendel san dlo paske li tou gen dlo,kraze zaboka apre melanjel ak dlo konkonb lan,te a,ak jèl lalwa,konsa ou ka blende lalwa men sa pral depan siw jwen li kote wap viv la.
pase fasyal la nan figiw ak kouw men fò pati sa yo pwòb kitel fè 25 minit,lave visaj ou ak anpil dlo tyèd apre sechel ak yon sevyèt pwòp.Lèw fini pase yon krèm idratan pouw ka kenbe imidite a.

 

2.Bè Karite pou po sèk

 

Fasyal lalwa,Bè Karite,Lwil oliv

640px-Sheabutter-virginsheabutter

 

Engredyan:

 

2 kiyè jèl lalwa
2 kiyè lwil oliv
2 bout konkonb

 

Preparasyon:

 

Mete tout nan yon bòl epi kraze yo jiskaske ou jwen yon bon mask,apre pasel nan figiw kitel fè 20 minit,renzel ak dlo tyèd,pa janm bliye pase yon ti krèm idratan.

 

 

3.Fasyal lèt ak Myèl

 

Engredyan:

 

2 kiyè myèl
2 kiyè lèt

 

Preparasyon:

Melanje lèt ak myèl la ansan apre pasel nan zòn ki pi sèk sou po a kitel fè 15 minit,lavel ak dlo tyèd

 

4.Fasyal mango

 

 

Engredyan:

1 mango
1 kiyè sik
yon ti dlo

 

Preparasyon:

 

Wap jis kale mango a,blendel ak sik la,yon ti gras dlo pa mete anpil paske ou pap tèlman bezwen dlo,apre pasel nan figiw kite fè 20 minit rensel seche figiw byen apre pase krèm idratan.